Fondatè & PDG
Salu, non mwen se Dieuseul Lorgeat, mwen te kreye sistèm mache Commudash la pou mwen e jodi a, mwen vle pataje li avèk ou. Kite'm bati pou ou biznis sou entènèt ou te toujou reve-a.
Fondatè & PDG
Sistèm mache plizyè machann nou an vini ak tout sa ou bezwen e li deja konfigire pou moun kòmanse.
Nou mande yon peryòd 15 jou pou nou transfere tout kontwòl yo bay kliyan nou yo
Pòtal entènèt la pare pou vann bay kliyan ou yo, resevwa premye machann ou yo, pibliye piblisite, montre pwodwi ou yo ak plis ankò.
Fè piblisite pou machann ak kliyan yo se yon lòt fason ankò ki trè rantab pou fè lajan ak mache-a.
Youn nan aspè ki trè enpòtan nan sistèm nou an se ke tout sa nou fè, nou asire w ke nou respekte tout lwa legal ak lejislasyon anvan nou kòmanse fonksyone.
NB: N'ap ede'w jwenn dokiman legal ou anvan tout operasyon kòmanse.
Youn nan pi bon karakteristik sistèm nou an, ou ka kòmanse mache ou nenpòt kote, nan nenpòt vil nan peyi Etazini
Depi patnè nou yo gen nenpòt kesyon, sistèm sipò nou an la pou ede'w rezoud nenpòt pwoblèm ou ta ka genyen.
Sistèm mache nou an vini ak yon tablodbò administratè pou kliyan yo ka jere machann yo ak anplwaye yo.
Kòm bagay ki fè pati nan sistèm nou an, yon kliyan ap bezwen chofè livrezon pou delivre machandiz bay kliyan li yo.
N'ap bay aksè a tout fòmasyon ou bezwen pou jere mache ou a tankou yon pwofesyonèl.
NB: Fòmasyon sa yo gratis pou mèt biznis yo tou
Lè'w vini yon kliyan nou responsab pou nou fè mentnans gratis pou yon ane, pou sit la toujou rete ap fonksyone
E kòm kliyan nou, n'ap asire nou ke ou pa gen problem ebèjman pou sit la, n'ap tou ba ou li pou yon 1 ane
Sistèm mache nou an vini ak 2 aplikasyon mobil pou vandè ak chofè livrezon ou yo pou konvenyans yo.
NB: Tou de aplikasyon yo vini enkli lè ou vin yon kliyan.
Sa yo se yon tikal nou di nan tout sa yon kliyan pral jwenn lè yo vin fè pati de rezo Commudash la nan pwogram patenarya sa.
Commudash ki se yon konpayi devlòpman mache sou entènèt, ap bay tout ayisyen ki vle gen pwòp biznis sou entènèt yo, opòtinite pou yo kòmanse pwòp mache yo nan nenpòt vil nan Amerik.
Wi, sèl sa w'ap bezwen se yon depo $1500 pou nou kòmanse.
Li pran sèlman 15 jou pou mache nou an pare, n'ap travay avèk ou pou adapte mache a selon bezwen ou yo.
N'ap ba ou yon pòtal mache sou entènèt - yon aplikasyon mobil pou kliyan ak machann ou yo, yon aplikasyon pou chofè livrezon yo - yon seri lojisyèl pou jere mache-a, n'ap ede"w fè sètifika asurans biznis lan, yon ane antretye ak ebèjman.
Non, paske depo-a se li ki te itilize pou sèvis konstriksyom mache-a epi pou nou te mete mache-a an fonksyon.
Commudash ap bay tout kliyan yo tout fòmasyon ki nesesè pou jere biznis yo kòm yon administratè.